Rechercher dans ce blog

vendredi 4 février 2011

Selil Refleksyon ak Asyon Nasyonal Sosyete Sivil Ayisyèn lan ak Jezwit yo pran pozisyon nan Sitiyasyon difisil peyi a ap travèse a

Sitiyasyon Peyi Dayiti jounen jodi a bay anpil tèt chaje!

▪Aktè politik peyi a ak etranje yo plis ap chèche pouvwa pase solisyon sensè pou gwo pwoblèm k ap sakaje sosyete asyisyèn lan.

▪ Se divizyon ki sèl kòk chante nan zafè tranzisyon politik ak kesyon eleksyon yo :

- Eske Prezidan an dwe kite pouvwa a le 7 fevriye?
- Eske eleksyon yo dwe anile? Eske dwe gen dezyèm tou?
- Pwoblèm konfyans nan konsèy Electoral Pwovizwa a(KEP)la.
- Kominote entènasyonal ki foure bouch li twò fon nan zafè peyi a.
- Absans total volonte kay aktè kriz la pou yo rantre nan yon dyalòg sensè ak vrè negosyasyon kote y ap met devan enterè majè peyi a.
- Pèsistans pratik enpinite yo ak vyolans sosyal e politik, kap chèche detri polis nasyonal la jounen jodi a
- Move fonksyonman sistèm jistis peyi a.

Fas a sityasyon difisil sa a, CRAN an( Selil Refleksyon ak Aksyon Nasyonal, Jezwit yo ak Sosyete Sivil la) gen anpil tèt chaje!

Fidel a chwa pasifik ak nasyonalis ke li fè depi li kreye, CRAN an lanse yon apèl patrioyotik bay tout sitwayen peyi a, fanm kon gason, nan moman kriz sa a. L ap fè yo sonje:

-Gran prensip demokratik yo

-Valè fondalnatal yo

-Valè imèn ak moral yo ki dwe sèvi gid pou sitwayen yo nan moman difisil sa yo:
.Lanmou sensè pou peyi a ak nasyon an;
.Sousi pou amelyore sò kouch popilasyon ki pi pò yo
.Volonte pou jwenn solisyon rapid e efikaz a pwoblèm k ap sakaje bil peyi a.
. Vi mizerab ayisyen ap mennen anba tant
. Epidemi kolera
. Ekspilsyon masiv konpatriyòt nou yo pa Gouvènman peyi Amerik di Nò yo ak Repiblik Dominikèn
. Ijans pou rekonstri peyi a ke katastròf natirèl ak politik fin kraze
.Povrete san limit
. Iresponsabilite ak divizyon nan mitan Elit k ap dirije peyi a kote se batay chimerik san rete pou pouvwa k ap taye banda.
. Absans total espri dyalòg, negosyasyon ak tande, siy matirite politik ki pemèt nou viv byen youn ak lòt.
.Onètte, renmen youn lòt ak imilite se kalite endispansab pou tabli yon vrè dyalòg konstriktif nan tout peyi a.
.Dwa ak devwa pou tout sitwasyen patisipe nan zafè Leta a ak fè promosyon chwa ki bon pou tout moun nan aksyon sitwayèn ak eleksyon onèt.
.Chwazi non vyolans aktiv nan plas chen manje chen « dechoukaj », « pè lebren », ak zam a fe. Metòd sa yo pa pwodwi lòt bagay. Se vyolans k ap anfonse peyi a pi plis nan mizè ak dezolasyon. Souverènte nasyonal ak dwa grandèt pèp ayisyen se gwo prensip sakre ki pa danse kole ak « enjerans etranjè » k ap imilye ak avili peyi a.

▪ Pou fini, nou swete yon jou ki pa lwen, Ayiti, peyi nou tout va monte nan otè kote zansèt nou yo, fondatè nasyon an te rive. Lè sa a peyi a ap pran definitivman wout libète, diyite ak pwogrè.


Pou Cellule de Réflexion et d’Action Nationale (CRAN) des Jesuites et de la Société Civile :

R. P. Kawas François, jésuite
Coordonateur de la CRAN

R. P. Wismith Lazard, jésuite
Directeur National du Service Jésuite aux Réfugiés et Migrants

Professeur Amary Joseph Noël,
Coordonnateur Général de la Confédération des Haïtiens pour la
Réconciliation (CHAR)

Pòtoprens,Ayiti, jou ki 28 janvye 2011

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire