Rechercher dans ce blog

vendredi 4 juin 2010

Ayiti/Konjonkti politik: Gwoup Refleksyon ak Aksyon Nasyonal (CRAN) di otan, epi li pran pozisyon

Gwoup Refleksyon ak Aksyon Nasyonal (ki gen non jwèt li nan lang franse CRAN) Jezwit yo ak Sosyete Sivil la ap swiv ak anpil preyokipasyon lavi sosyopolitik ayisyèn nan :
• kondisyon lavi popilasyon an k ap vin pi mal chak jou, sitou nan « abri pwovizwa » yo ki vin tankou yon lanfè ;
• makònay ki pa genyen ant plan rekonstriksyon Gouvènman an te fè ak bezwen reyèl popilasyon an genyen ;
• kominikasyon an kòdinasyon ki pa genyen ditou andedan Gouvènman an;
• se yon gwo eskandal lè n ap gade kijan dirijan yo ak lòt aktè politik yo pa gen okenn jèn, lè y ap foure peyi a pi plis nan lamizè ak nan tchouboum, epi y ap ranfòse depandans ekonomik ak politik la ;
• manifestasyon k ap fèt youn apre lòt, epi nan dezòd ak nan konfizyon ;
• vòt Lwa sou Eta Dijans la ki te fèt nan kondisyon ki pa te klè, epi se chak jou y ap rele chalbari pi plis deyè l ;
• yon Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) y ap rele anmwey dèyè l, ki riske lakòz eleksyon l ap gen pou fè yo pa kredib;
• sa choke nou anpil lè nou wè jan Kominote entènasyonal la ap foure bouch li chak jou pi fon nan zafè entèn peyi a.

Nan kalfou difisil, men enpòtan peyi a ap travèse jounen jodi a, CRAN di otan!, fòk prese prese tout sektè yo nèt mete enterè peyi a sou tèt enterè pèsonèl yo ak enterè gwoup yo.

Moman sa a jounen jodi a, kote nou gen anpil bagay nou kapab genyen oswa pèdi nan pwosesis rekonstriksyon an, blije nou mete tèt nou ansanm pou nou pale, nan bonjan dyalòg ak tèt frèt, sou vrè pwoblèm peyi a epi pou nou rive jwenn yon konsansis sou chwa sosyo-ekonomik ak politik yo nou dwe fè pou nou sove nasyon an.

Nan sans sa a, CRAN denonse :
• Lwa 15 avril 2010 sou Eta Dijans la, ki antikonstitisyonèl epi ki vyole libète piblik yo ak dwa fondamantal yo ;
• vyolasyon tèks Konstitisyon peyi a, nan kreye posiblite pou pwolonje manda prezidan an apre 7 fevriye 2011.

CRAN envite :
1) Prezidan Repiblik la :
Pou li tabli prese prese yon dyalòg ak tout sektè politik yo ak òganizasyon yo ki nan sosyete sivil la, yon jan pou li kapab rive ak yon akò politik ki pou debouche sou yon Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) tou nèf ki kapab bay konfyans, ki se yon eleman kle ki pou pèmèt eleksyon l ap gen pou fè yo vin lejitim epi kredib.

2) Gouvènman ayisyen an :
• pou li bay nasyon an bonjan enfòmasyon sou politik ekonomik ak sosyal li genyen, prensipalman sou plan dijans li genyen pou popilasyon sinistre a.

3) Aktè politik yo :
• pou yo montre yo gen sans reskonsablite fas ak menas yo ki pandje sou tout nasyon an alawonnbadè;
• pou yo egzèse dwa yo, detan y ap respekte tou règ demokratik yo ki tabli nan Konstitisyon 1987 la.

4) Òganizasyon ak gwoup yo ki nan sosyete sivil ayisyèn nan:
• pou yo mete tèt yo ansanm pou yo egzije dirijan yo jwe wòl yo kòm lidè nan jesyon rekonstriksyon an.

5) Kominote entènasyonal la:
• Pou yo solidè tout bon vre ak pèp ayisyen an, pou yo respekte diyite li ak dwa li genyen pou li deside pou tèt li.


Pou Gwoup Refleksyon ak Aksyon Nasyonal (CRAN) :

Amary Joseph Noel
Kòdonatè Jeneral Confédération des Haïtiens pour la Réconciliation (CHAR), epi manm CRAN

Rev. P. Wismith LAZARD, SJ
Direktè Nasyonal Sèvis Jezwit pou Refijye ak Migran yo (SJRM)-Ayiti, epi
manb CRAN

Rev. P. Kawas FRANÇOIS, SJ
Kòdonatè CRAN

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire