Rechercher dans ce blog

lundi 29 mars 2010

GWO AKS ESTRATEJIK AK AKSYON POU NOU FÈ NAN PWOSESIS REKONSTRIKSYON AYITI A

Dokiman final
Douvan pòt la


Touswit apre soukous latè 12 janvye 2010 la te fin pase, Siperyè Pwovensyal Jezwit yo, ki soti nan peyi Kanada, te mande dirèk dirèk Jezwit Ayiti yo pou mete sou pye yon estrikti ijans pou ede popilasyon ki sinistre yo. Nan batay kont move moman ak nan api yo t ap bay sinistre gwo katastwòf sa a te kite, Jezwit Ayiti yo te resevwa gwo konkou nan men Sosyete Sivil Repiblik Dominikèn nan ak Jezwit nan lòt rejyon nan mond la tankou: Etazini Amerik, Ewòp, Afrik, Azi, Amerik latin, elatriye.

Detan aksyon sa yo t ap fèt sou teren an pou pote bon jan èd imanitè bay sinistre yo, touswit tou te gen yon refleksyon ki t ap fèt sou enpak ak konsekans, ki materyèl yo epi ki pa materyèl yo, tranblemanntè a te genyen sou popilasyon ki sinistre yo ak sou peyi a nèt : pratik koperasyon entènasyonal la ki t ap fèt nan moman an atravè èd imanitè ijans la, dwa granmoun peyi a, wòl Sosyete Sivil la ak Leta nan peyi d Ayiti nan pwosesis rekonstriksyon peyi a.

• « Gwoup Refleksyon ak Aksyon » (nan lang frase, Cellule de Réflexion et d’Action) » Jezwit yo ak Sosyete Sivil la, se yon pwodui ki soti nan bon jan makònay ant « aksyon ak refleksyon».

• Ak « Gwoup Refleksyon ak Aksyon » sa a, Jezwit yo ak òganizasyon nan Sosyete Sivil la vle pou aksyon yo dire pou yon tan ki lwen, epi tou nou vle kontinye akonpaye pèp ayisyen an, lidè li yo ak kominote entènasyonal la, nan jefò y ap fè pou yon tan ki kout, ki lwen epi ki pi lwen pou rekonstriksyon peyi a.

• Nou gen de (2) objektif :
Akonpaye sosyete sivil ayisyèn nan epi fè desidè politik yo, reskonsab entènasyonal yo aji nan sans enterè reyèl popilasyon ayisyèn nan nan pwosesis rekonstriksyon peyi a.

Ofri popilasyon yo ak Sosyete Sivil la yon espas ki pa mete okenn moun sou kote, ki louvri epi ki pa gen paspouki, kote nou kapab rankontre youn ak lòt, boukante lide nou yo epi reflechi, yon jan pou tout moun kapab patisipe kòmsadwa nan rekonstriksyon peyi a, detan n ap mete sou pye yon pwojè sosyete ki tou nèf pou Ayiti.

• Tèks sa a « Gwoup la » mete anba je nou la a, jounen jodi a, se pa yon dokiman teknik li fè sou rekonstriksyon an, men pito yon pwopozisyon sou oryantasyon estratejik yo, yon « tantativ » pou pote yon kontribisyon nan jefò nasyonal k ap fèt pou panse yon pwojè pou rebati peyi nou an. Aksyon sa a marye ak egzijans nou bouke repete pou se Ayisyen yo ki dwe fè pwojè sosyete tou nèf pou Ayiti, epi pou pwojè sa a reponn tou ak bezwen reyèl peyi a genyen.
• Li klè kou dlo kòk pwojè sa a, se pa depi deyò pou yo enpoze nou li; se pa ajans « miltilateral » yo ni gouvènman etranje yo ki dwe debake ak li nonplis; okontrè, li dwe soti nan « jeni » nou genyen kòm pèp, nan patrimwàn istorik, sosyal ak kiltirèl nou genyen ki rich, nan tout fason nou genyen yo pou nou fè rezistans.

I.- Kijan sitiyasyon an ye jounen jodi a?

1.1.- Ayiti anvan 12 janvye 2010

Pale sou Ayiti anvan dat 12 janvye 2010 la, ap voye nou wè pa wè apre 7 fevriye 1986 kote pèp ayisyen an te bay yon gwo kout gidon nou pa janm wè nan listwa li pou li chwazi demokrasi patisipativ la ak yon pwojè sosyete ki estriktire nan yon Konstitisyon ki tou nèf ki chita sou divizyon pouvwa yo ak desantralizasyon : nou vle pale sou Konstitisyon 1987 la.

Analiz sou pratik politik yo ki te fèt nan lane ki vin apre yo, fè nou wè yon jan ki klè kou dlo kòk demokrasi ayisyèn nan toujou rete yon bèl pawòl anlè epi yon enstitisyon nou ap gen pou nou konstwi. Malgre tout pwovizyon Konstitisyon an pote pou ta mete sou pye epi ranfòse kolektivite tèritoryal yo, yon bagay ki ta kapab pèmèt sèvis debaz yo rive jwenn plis pousantaj moun nan popilasyon an, men lwa pou aplike pwovizyon sa yo poko janm rive fèt paske politisyen nou yo bay plis priyorite ak lide pou fè lawon parèy yo rete sou pouvwa. Yon lòt kote, sèl sa tantativ ki te fèt yo nan kèk moman pou eseye retire Ayiti nan won sa a te pote pou nou, se plis divizyon, fè yon bann ti pati politik vin grennen, kreye gwo blokaj nan nivo enstitisyonèl, politik ak ekonomik. Divès kalte lidè, gwoup oswa regwoupman ki te vin dirije bak Leta Ayisyen an pa te kapab ni koupe fache ak yon kriz ki dire plis pase desan (200) zan, ni fè sosyete ayisyèn nan pwodui.

Konsa, nou vin genyen yon sitiyasyon povrete ekstrèm, kote revni mwayen chak moun rantre chak jou vin sèlman yon (1.00) dola. Ayiti figire ant peyi yo ki pi pòv nan Emisfè oksidantal la, selon endis devlopman Nazyon Zini. Li se peyi tou kote gen plis inegalite (plis fòs kote, plis miwo miba) nan sa ki gen arevwa ak distribisyon revni yo; paske, selon etid ekonomik ki fèk parèt yo, dis (10) pou san moun ki pi rich resevwa senkant (50) pou san nan revni nasyonal la. Pratik esklizyon sosyal sa yo, nou tout kapab wè, vin fè pi fò moun nan popilasyon an pa kapab jwenn yon travay ki peye byen, sèvis sosyal lasante, ledikasyon ak pwoteksyon sosyal.

Sitiyasyon inegalite sa a vin pi fò, si nou gade jan yo bay sèvis sa yo nan zòn jeyografik yo. Konsantrasyon prensipal enfraestrikti administrativ, ekonomik ak sosyal yo nan Pòtoprens vin fè kapital la tounen yon gwo “megapòl” ki vin pa kab bay popilasyon an sèvis ki endispansab yo tankou kouran elektrik, ranmasay fatra ki soti nan kay yo. Nou vin pa kapab kontwole fenomèn sa a kote moun yo soti andeyò pa pil pa pakèt pou vini lavil (egzòd riral la), vil pwovens yo ki ta dwe sèvi kòm tanpon (nan lang franse, relais) pou amòti migrasyon nan Pòtoprens la pa kapab jwe wòl sa a nonplis paske yo pa gen enfraestrikti.

Yo te defini Objektif mondyal yo pou Milenè Developman an (OMD), yo te fè tou yon dokiman ki rele “DSNCRP” pou Gouvènman an, avèk asistans teknik ak finansye PNUD ak Bank Mondyal te ba li. Men, finansman yo t ap tann nan pou aplike enstriman sa yo pa te alawotè gwo deklarasyon ajans ekstèn yo t ap fè tribòbabò nan reyinyon entènasyonal yo ak nan medya yo. Sa vin fè jouk janvye 2010, anpil nan pwogram ak pwojè DSNCRP yo potko janm kapab parèt. Fòk nou di tou youn nan kòz yo, si se pa li ki pi gwo manman kòz la, se enpak 3 siklòn ki te pase nan lane 2008 la ki te devaste peyi a epi ki te fè enstans ki konsène yo te voye pou yon lòt dat kèk priyorite ki te defini nan enstriman nou sot pale sou yo pi wo a.

Fòk nou siyale tou Prezidans la te kreye yon komisyon ki te gen manda pou fè konsiltasyon sou posiblite pou fè yon revizyon konstitisyonèl; fòk nou di li pa te posib pou eleksyon lejislativ yo te fèt nan tan ki te fikse pou te fè yo a, eleksyon sa yo te dwe fèt pou renouvle chanm depite a ak yon tyè (1/3) nan Sena a. Pwosesis pou amande Konstitisyon 1987 la, ki te koumanse anvan soukous latè a, bloke jounen jodi a. Nan dat ki ap 10 me 2010 la, Sena a pap kapab fonksyone kòmsadwa paske pap gen chanm depite. Pou vote lwa yo, fòk gen 2 chanm!

1.2.- Ayiti apre 12 Janvye 2010

1.2.1.- Evalyasyon dega yo
• Plizyè santèn milye moun ki mouri ak lòt ki pa gen kote pou yo dòmi
• Leyogàn, Gresye, Pòtoprens, Palè Nasyonal la ak Sant Gouvènmantal la detwi; gen gwo dega enpòtan ki fèt nan Jakmèl, Grangwav, Tigwav, elatriye
• Senbòl politik, sosyal ak espirityèl peyi a ki enpòtan yo detwi : Palè Nasyonal, Palè Jistis, Ministè yo, Administrasyon Jeneral Kontribisyon, katedral yo, legliz yo, lekòl yo
• Pi gwo enstitisyon yo ki gen nan peyi a vin dekonekte nèt youn ak lòt
• Leta a vin prèske pèdi nèt otorite l
• Anpil moun soti nan kapital la pou ale nan zòn riral yo ak nan vil pwovens yo ki te deja gen gwo pwoblèm ekonomik ak sosyal pa yo
• Sitiyasyon sa a, nou te sot pale sou li pi wo a, ki te deja malouk vin pi grav; nou vin genyen yon peyi ki prèt pou li tonbe nan yon katastwòf imanitè ak nan yon kriz sosyopolitik nou poko janm wè.

1.2 2.- Èd imanitè a ki ap blayi

• Kòdinasyon ki manke nan zafè èd entènasyonal la, epi popilasyon an pa satisfè.
• Lenpresyon Kominote entènasyonal la ap entèvni san modòd Gouvènman an, nan bwourara total kapital.
• Entèvansyon yo ap fèt nan sans enterè estratejik chak « entèvenan » genyen san yo pa konsidere bezwen ak preyokipasyon reprezantan pèp ayisyen yo ak sinistre yo genyen.
• Fowòm entènasyonal yo ap fèt deyò peyi a, se gouvènman oksidantal yo ak ajans miltilateral yo ki ap mennen fowòm sa yo san patisipasyon tout bon vre prensipal aktè nan sosyete ayisyèn nan.

II- Vizyon

Yon pwojè sosyete tou nèf pou Ayiti ta dwe gen andedan li kèk aks ki konsidere vizyon tou nèf tout sosyete ayisyèn nan nèt vle (pi gwo enstitisyon yo, estrikti Leta yo, sosyete sivil la, popilasyon ki òganize yo, sektè sosyal, ekonomik ak relijye yo), ansanm ak lòt egzijans ki soti nan kesyon devlopman ak pwoteksyon patrimwàn nasyonal la : Anviwònman, ekonomi, lajistis, lakilti, elatriye.

Vizyon tou nèf sa a dwe konsidere pwen sa yo :

1o) Defann tèritwa a alawonnbadè, lavi tout sitwayen ak tout sa ki ap viv ladann

2o) Pwoteje ak respekte anviwònman an

3o) Fasilite patisipasyon tout kategori sosyal yo nèt nan lavi politik ak ekonomik la nan yon dinamik kote fanm ak gason egalego, kote lajistis egalego pou tout moun

4o) Yon sosyete egalego kote gen antant nan mitan sitwayen yo, kote gen respè pou sila yo ki pi fèb, kote timoun yo jwenn ledikasyon, kote tout sitwayen yo nèt enplike tèt yo nan yon dinamik pwodiksyon ak nan fè gwo jefò pou fè peyi a devlope

5o) Yon sosyete ki djanm nan sa ki gen arevwa ak demokrasi ki dwe chita sou separasyon pouvwa yo, altènans politik, respè dwa yo ak devwa yo.

III- Oryantasyon estratejik yo

Pou byen kore vizyon sa a, oryantasyon estratejik yo pral pèmèt nou wè nan ki kad nou pral reyalize aksyon nou pral fè yo pou refonde nasyon an, epi pou rekonstwi peyi a. Oryantasyon yo alafwa ekonomik, enstitisyonèl, politik ak kiltirèl.

3.1 Aspè ekonomik

-Politik pwodiksyon pou fè kondisyon lavi moun yo vin miyò, pou nou granmoun tèt nou nan zafè lamanjay, epi pou nou ekspòte aletranje.

- Politik travay total kapital (travay ki mande anpil mendèv nan sektè anviwònman –ranje basen vèsan yo, rebwaze, netwaye kanal yo, pwòptay, elatriye- ak nan sektè agrikilti-elvaj zannimo).

-Agrikilti ak agro endistri: pwofite anvataj Ayiti genyen parapò ak lòt peyi yo: klima yo ki tout kalte, mendèv ki pre pou travay nan tout peyi a alawonnbadè.

- Soutretans

- Touris

- Jesyon èd entènasyonal la ak kotizasyon Ayisyen yo ki ap viv aletranje

- Politik bay kredi

- Koperativis

3.2 Aspè enstitisyonèl

- Lajistis ak fòs piblik yo (sekirite piblik nan yon pèspektiv ki makònen ak mòdènite a)

- Sante piblik : mete swen lasante yo aladispozisyon tout sitwayen nèt

- Ledikasyon: Chache pou fè tout moun nèt ale lekòl, epi fè ansèyman fondamantal la gratis

- Desantralizasyon, federalis menm

- Ranfòse enfraestrikti yo kòm baz pou devlopman ak entegrasyon sosyal

- Devlope sivis ak yon kilti tolerans

3.3 Aspè politik

- Monte sistèm politik la. Konvoke yon gwo deba nasyonal epi reponn ak gwo kesyon sa yo : pa egzanp : Ki sistèm politik nou vle pou Ayiti? Prezidan ak Premye Minis? 2 Chanm, yon sèl chanm? Elatriye.

- Yon Leta kote se lalwa ak demokrasi k ap gouvène (kreye kondisyon yo pou kapab gen bon jan eleksyon)

- Kontwole epi fè swivi ak aksyon, ak dezisyon Leta a ap pran

- Kontinite nan jesyon zafè Leta yo

3.4 Aspè kiltirèl

- Fè pwomosyon pou Kilti ayisyèn nan andedan kou deyò peyi a, epi fè li vin rantab.

IV- Aksyon yo

4.1.- Ki pou fèt nan yon tan ki kout:

- Rele tout konpetans peyi a genyen ann Ayiti tankou lòtbò dlo pou yo pote kontribisyon pa yo nan konba nasyonal n ap mennen pou kenbe peyi a vivan.
- Kòdone, byen makonnen epi oryante aksyon estratejik yo pou rezoud pwoblèm kriz la poze nan tout peyi a alawonnbadè.
- Rezoud pwoblèm « abri pwovizwa yo »: pou gen kòdinasyon nan kesyon èd imanitè a, pou bay fanmi yo yon kote pou yo rete, pou yo jwenn swen lasante.

- Pèmèt kad teknik ak pwofesyonèl ayisyen yo patisipe tout bon vre nan travay ki ap fèt pou konstwi abri yo ak lòt kalte lojman yo.

- Lanse yon gwo plan pou konstwi lojman sosyal yo, yon jan pou « relokalize » moun ki rete nan bidonvil yo ki nan zòn metwopolitèn nan ak nan vil ki te devaste yo.

- Òganize Sosyete Sivil la pou li kapab pote kole nan jefò yo ki ap fèt pou lanse yon gwo woumbre nasyonal ak sitwayen pou kontinye fè solidarite, pou reflechi nan tèt kole epi pou fè pwopozisyon pou bati pwojè sosyete tou nèf Ayiti bezwen jounen jodi a.

- Egzije kominote entènasyonal la pou li rekonèt epi respekte jefò òganizasyon ayisyèn yo nan chwa y ap fè pou leve kanpe peyi a epi pou rekonstwi li. Fòk li pa pran plas yo! Fòk li pa eseye aji nan plas yo nonplis!

- Kreye, tou dabò nan depatman ki pi frajil yo, kèk sant depatmantal ki gen ekipman ladan yo pou kapab fè entèvansyon ijans prese prese lè gen katastwòf

- Fè « selil jesyon ris ak dezas» ki nan chak komin yo fonksyone kòmsadwa, nan mete sou pye brigad sekouris ki ekipe epi ki kapab fè entèvansyon prese prese lè gen katastwòf ki blayi sou nou

- Monte epi fè yon kanpay nasyonal pou motive ak enfòme popilasyon an sou konpòtman yo dwe genyen lè gen siklòn oswa tranblemanntè

- Lanse yon pwogram pou remete sou pye enfraestrikti edikasyon ki te detwi yo (primè, segondè, inivèsitè). Bay api ak prensipal enstitisyon edikatif ki prive yo

- Relouvri tout bon vre lekòl la nan depatman ki te plis afekte yo

- Prizanchay prese prese tout lekòl nan peyi a : « vyatik » pou pwofesè ki pèdi byen yo epi pou sila yo ki te viktim yo; peye lekòl pou elèv yo pou rès lane a; bay lekòl yo « kay ki tou fèt » (portable schools). Menm batiman ekspè yo konsidere ki « vèt » yo, nou pa kapab itilize yo touswit kounye a. Paran yo ak elèv yo pa vle tande pale de kay beton an ankò!

- Lanse yon woumble pou mete sou pye yon pwosesis pou òganize yon gwo deba kote tout moun nèt kapab patisipe; deba sa a, se sèl opsyon metodolojik ki kòrèk epi ki ap pèmèt « Ayiti ki an deyò a » (Ayisyen yo ki ap viv aletranje, peyizan yo, popilasyon ki sou kote yo, elatriye) patisipe nan kesyon ki gen pou wè ak tout nasyon an nèt

- Mete sou pye kèk asosyasyon ki fèt ak sinistre yo, yon jan pou pèmèt sitou sila yo ki te pèdi yon bon kantite nan byen yo (byen tout kalte) kapab reprann lavi ekonomik yo

4.2 Aksyon yo ki pou fèt nan yon tan ki lwen:

-Fè yon deba ki gen tout moun nèt ladann, deba sa a ki se sèl resous metodolojik nou genyen jounen jodi a pou nou bay peyi a yon pwojè sosyete tou nèf ki fèt nan konsètasyon, nan antant ant sitwayen yo, avèk patisipasyon reprezantan tout kouch sosyal yo nèt ki nan sosyete nasyonal ayisyèn nan.

- Selon sa ki soti nan deba sa a ki pap mete okenn moun sou kote a, mete sou pye enfraestrikti administratif nan tout peyi a, tankou Achiv Nasyonal, Biwo Imigrasyon, Ofis Nasyonal Idantifikasyon, ranfòse estrikti sektoryèl ki dekonsantre yo.

- Pase men nan chema Amenajman Teritwa a ak potansyalite rejyonal yo ki deja egziste.

- Divize peyi a nan plizyè Rejyon, parapò ak sa zòn yo genyen ki sanble ant youn ak lòt, parapò ak sa menm pwosesis devlopman an egzije.

- Remete sou pye pi gwo senbòl otorite Leta yo: Palè Nasyonal, Palè Jitis, tribinal yo, polis nasyonal, DGI, elatriye, nan kontèks yon pwojè refondasyon tou nèf pou peyi a.

-Pibliye Chat Kolektivite Teritoryal yo ansanm ak lwa aplikasyon yo sou fonksyònman kolektivite tèritoryal yo nan seksyon kominal yo, nan komin yo ak nan konsèy depatmantal yo.

- Fè sektè agrikòl la kapab pwodui kounye a, detan n ap mete klè nan tèt nou dinamik èd entènasyonal la se yon bagay ki ap la pou yon ti bout tan sèlman. Kidonk, fòk nou bay peyizan yo ansanm ak òganizasyon peyizan yo wòl ki fondalnatal la.

- Fè pwomosyon pou yon modèl lidèchip k ap chache refonde nasyon an nan yon dinamik ki rasanble tout « fòs viv » yo epi ki pèmèt popilasyon òganize yo enpoze tèt yo kòm aktè ki pou anfas “èntevenan” entènasyonal yo, prensipalman pou mete sinistre yo oswa reprezantan yo ki lejitim nan klòstè yo ak fowòm kote y ap pale sou lavni peyi a.

-Relouvri pò yo pou yo kapab fè kòmès ak lòt peyi nan Okap, Pòdpè, Fò Libète, Gonayiv, Sen Mak, Tigwav, Miragwàn, Jeremi, Okay ak Jakmèl.

-Lanse yon gwo pwogram pou kreye travay ki mande anpil mendèv nan zòn ki sinistre yo ak nan kèk lòt zòn toupatou nan peyi a.

-Kontinye konstwi enfraestrikti debaz nan Gwo Rejyon yo, tankou Wout, Telekominikasyon, Elektrisite, Pò ak Ayewopò.

-Kreye yon estrikti ki otonòm (ki granmoun tèt li) pou li fè planifikasyon ak jesyon Rekonstriksyon peyi a.


4.3 – Nan yon tan ki lwen, epi nan yon tan ki pi lwen:

- Monte, avèk yon metodoloji rechèch aksyon-patisipasyon, kèk plan ak pwogram nan nivo rejyonal ak depatmantal ki konsidere espesifisite chak rejyon ak chak depatman ansanm ak estrateji devlopman tou nèf pou peyi a.

-Mete, nan lòt rejyon ak nan depatman yo, bon jan kanpous inivèsitè tout bon vre ki kapab reponn ak potansyalite rejyon yo epi ak estanda mondyal nan zafè edikasyon nan nivo siperyè.

-Mete pak endistriyèl andeyò Pòtoprens.

-Louvri peyi a ak envestisman prive, detan n ap bay plis fasilite ak envestisè nasyonal yo epi ak etranje yo ki vle vin tabli yo nan zòn ki andeyò Pòtoprens.

-Pèmèt kolektivite tèritoryal yo kapab regwoupe tèt yo pou yo bay popilasyon yo sèvis nan komin yo, sitou si komin nan pa kapab bay sèvis sa yo pou kont li paske resous lajan yo jwenn nan pa pèmèt sa.

-Adapte sistèm fiskal ayisyen an, parapò ak egzijans tou nèf yo desantralizasyon administratif la poze

V.- MEZI AKONPAYMAN IJAN POU KAPAB FÈ REKONSTRIKSYON AN

5.1.- Pou kapab jere refondasyon peyi a, fòk nou mete sou pye prese prese YON KOMISYON OTONÒM NASYONAL POU REKONSTRIKSYON ki gen ladann reprezantan Leta ak sosyete sivil ayisyèn nan ki kredib, epi se plis ekspè ayisyen andedan oswa deyò peyi a ki dwe kore komisyon sa a.

5.2.-Pou nou kapab rive nan estabilite politik sa a nou bezwen pou rekonstriksyon an, fòk nou demare PWOSESIS KONSÈTASYON, AKSYON AK MOBILIZASYON AN POU ÒGANIZE ELEKSYON KI KREDIB NAN PEYI A.

5.3.- Pou nou kapab byen chita refondasyon nasyon an, aplikasyon yon plan aksyon tou nèf pral kapab deklannche, fòk nou PATI AK LIDE-FÒS KI TOU NÈF: PATISIPASYON, KONPETANS, VALORIZE RESOUS LAKAY NOU, ITILIZE AK ANPIL ENTÈLIJANS KOPERASYON FINANSYE AK TEKNIK ENTÈNASYONAL LA, pati ak yon MISTIK TOU NÈF ki chita sou valè yo nou gen andedan nou, andedan idantite nou kòm pèp, andedan patrimwàn istorik ak kiltirèl nou an ki rich.

5.4.- Li enpòtan tou pou nou REFÈ PÈLERINAJ KI TE FÈT NAN VIL AKAYÈ A nan dat 18 me 1803 a pou nou RASANBLE PÈP AYISYEN AN ANBA YON SÈL IDEYAL POU NOU TOUT NÈT, ideyal pou nou pote konkou nou ak solidarite nou pou fè kondisyon lavi pèp ayisyen an nèt vin miyò. Pou nou kapab rejwenn valè sa yo nou te pèdi a, fòk nou fè yon aksyon nan yon tan ki lwen, yon aksyon ki dwe koumanse nan lekòl, nan REMETE NAN KOURIKOULOUM ESKOLÈ A ANSÈYMAN SOU ENSTRIKSYON SIVIK, yon jan pou nou kapab santi ankò nan kè nou flanm sa a ki fè nou santi nou se pitit nasyon ayisyèn nan, yon nasyon nou te genyen nan anpil lit nan lane 1804.

5.5.- Li ijan pou nou kreye lakay timoun ayisyen yo YON KILTI RIS ki pou ba yo konpòtman yo dwe genyen fas ak katastwòf natirèl ki kapab frape Ayiti.

5.6.- Akoz gwo plas relijyon jwe nan sosyete ayisyèn nan, li ta enpòtan pou nou bay kèk valè relijye yon plas ki enpòtan nan pwosesis refondasyon nasyon an: SOLIDARITE AK PATAJ ANT YOUN AK LÒT, RESPÈ BYEN KOMEN AN, ESPESYALMAN ANVIWÒNMAN AN, RESPÈ LAVI AK DIYITE MOUN, TOUT BYEN YO SE POU TOUT MOUN NÈT YO YE, etc.

Pou « Gwoup Refleksyon ak Aksyon» an :

1) R.P Kawas FRANÇOIS SJ, Delege Pwovensyal Jezwit Kanada Franse ak Ayiti yo,
Kòdonatè Gwoup la

2) Pwofesè Amary Joseph NOEL, Kòdonatè Jeneral Konfederasyon Ayisyen yo Pou Rekonsilyasyon (Confédération des Haïtiens pour la Réconciliation-CHAR)

Moun oswa òganizasyon yo ki dakò ak pi gwo lide yo ki nan dokiman sa a kapab siyen non yo anba li. N ap gen pou voye li bay pi gwo desidè yo, laprès nasyonal ak entènasyonal, elatriye.…

1-

2-

3-

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire