Rechercher dans ce blog

mercredi 24 février 2010

“Gwoup refleksyon ak aksyon”, Pè Jezwit yo ap kòdone, konstate epi envite

Soukous latè ki sot pase 12 janvye a, se pi gwo katastwòf peyi Dayiti konnen depi nasyon an egziste: vil Leyogàn, Gresye ak Kapital Pòtoprens la detwi, sant gouvènman an tonbe; Jakmèl, Grangwav ak Tigwav sibi anpil dega; plizyè santèn milye moun mouri, anpil moun lage nan lari a san yo pa gen okenn kote pou yo rete; epidemi menase nou, kriz sosyopolitik menase nou tou.

Lemonn antye kouri vin pote nou sekou! Gen lè fwa sa a baz yo poze pou rekonstwi peyi a epi pou pran wout devlòpman, ak kondisyon nou fè bon chwa.

Nan tèt kole ak lòt òganizasyon ki nan sosyete sivil ayisyèn nan, Pè Relijye Jezwit yo kreye yon gwoup pou reflechi ak aji. Se yon demach ki pa vle mete okenn moun sou kote, epi ki pa gen paspouki pou okenn ideyoloji politik. « Gwoup refleksyon ak aksyon» an konstate gen yon gwo travay refleksyon k ap fèt andedan kou deyò peyi a.
« Gwoup refleksyon ak aksyon » an mande Zotobre peyi a pou yo pran refleksyon sa yo oserye, pandan l ap avèti tout opòtinite nou wè la yo kapab disparèt tankou lafimen si nou pa chwazi yon metodoloji ki kòrèk.

Tou swit apre gwo dram nan, Ayisyen yo ki nan tout klas sosyal nèt montre jan yo solidè, jan yo kapab kanpe tenn fas devan moman difisil yo ak jan yo konn reziste. Yo pwouve se yon bann ewo yo ye. Se ak men yo, epi san okenn zouti yo te kòmanse sove moun ki te anba dekonm yo.

Gouvènman an ak fòs lame ki nan peyi a frape anpil. Katastwòf sa a ki rive, san zatann nan, fè yo tann twa (3) jou anvan yo kòmanse reyaji.

Gen kèk sektè ki menm rive di pouvwa santral Leta a montre li pa gen lidèchip. Yo siyale:
1. Kòdinasyon ki manke nan zafè èd entènasyonal la
2. Jan kesyon “abri pwovizwa” yo mal òganize
3. Jan èd la distribye nan dezòd
4. Pa gen kominikasyon ditou sou jefò ki ap fèt pou relouvri lekòl la nan depatman ki pi viktim yo
5. Enfòmasyon ki pa bay sou sa k ap fèt, sou sa k ap pase, sou pwojè k ap egzekite ak sou lòt pwojè ki pral vini
6. Lenpresyon Kominote entènasyonal la ap entèvni san modòd Gouvènman an, nan bwourara total kapital.

Leta ayisyen an bay lenpresyon li pa kapab oswa li poko kapab kòdone aksyon yo entèvenan ki soti tribòbabò nan divès peyi ap fè, nan moman sa a kote pèp ayisyen an nan yon kalfou ki difisil anpil. Kòm rezilta mank kòdinasyon sa a, Ayiti ki deja fin detwi vin tounen yon teren kote gen anpil batay ideyolojik ak jeyo-politik ki ap fèt ant lòt nasyon yo.

Se nan kontèks sa a “Gwoup refleksyon ak aksyon » an ap envite :

A- Gouvènman an, pou li
1) Pran anmen lidèchip li ki rele l chèmèt chèmètrès.
2) Fè pwomosyon pou yon modèl lidèchip k ap chache refonde nasyon an nan yon dinamik ki rasanble tout « fòs viv » yo epi ki pèmèt popilasyon òganize yo enpoze tèt yo kòm aktè ki pou anfas èntevenan entènasyonal yo. Estrikti pouvwa anplas yo pa kapab rezoud, poukont yo sèlman, tout pwoblèm tèt chaje tou nèf dram 12 janvye an pote.
3) Kòdone, byen makonnen epi oryante aksyon estratejik yo pou rezoud pwoblèm kriz la poze nan tout peyi a alawonnbadè.
4) Rele tout konpetans peyi a genyen ann Ayiti kou lòtbò dlo pou yo pote kontribisyon pa yo nan konba nasyonal n ap mennen pou kenbe peyi a vivan.

B- Kominote entènasyonal la, pou li :

Rekonèt epi respekte jefò òganizasyon ayisyèn yo nan chwa y ap fè pou mete peyi a kanpe epi pou rekonstri li. Pa chache pran plas yo ! Pa eseye aji nan plas yo !

C- Sosyete sivil la, pou li:

Òganize tèt li epi lanse yon gwo woumbre nasyonal pou kontinye fè solidarite, pou reflechi nan tèt kole epi pou fè pwopozisyon pou bati pwojè sosyete tou nèf Ayiti bezwen jounen jodi a.

« Gwoup refleksyon ak aksyon » an ap ofri Popilasyon an ak tout sektè ki nan Sosyete Sivil la yon espas rankont kote nou kapab boukante refleksyon nou yo epi aji ansanm pou bati pwojè sosyete tou nèf sa a pou Ayiti.

Pou kontak, rele nan telefòn sa yo: 35 56 66 99, 36 58 66 08, 38 14 64 18;
oswa ekri nan imel sa a: htreflexionscitoyennes@yahoo.fr.
Ou kapab vizite Blòg Gwoup la tou. ki se: http:haitireflexionscitoyennes.blogspot.com.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire